Selon konstitisyon an ou gen anpil dwa kèlkeswa estati w ak imigrasyon. Aprann plis sou dwa w kòm imigran epi kòman pou itilize yo.

1. Lè lapolis mande m sou regleman m ak imigrasyon

A.Lè lapolis mande m sou regleman m ak imigrasyon

A.

Kòman pou pwoteje tèt ou:

  • Ret poze. Pa kouri, Fè diskisyon, reziste oubyen bloke polis la menm si ou kwè y ap vyole dwa w yo. Mete men w kote polis la ka wè yo.
  • Pa bay manti sou regleman w oubyen bay fo dokiman.

Dwa ou yo:

  • Ou gen dwa pou rete an silans epi ou pa gen dwa pou diskite sou koze ki gen rapò ak imigrasyon ni sitwayènte w ak polis, ajan imigrasyon oubyen lot ofisyèl yo. Yo kapab itilize tout sa w di lapolis la oubyen ofisye a kont ou nan tribinal imigrasyon.
  • Si w pa yon sitwayen ameriken epi yon ajan mande w pou papye imigrasyon w ou sipoze montre yo si w genyen yo sou ou.
  • Si yon ajan imigrasyon mande si yo ka fouye w ou gen tout dwa pou di non. Ajan yo pa gen dwa pou fouye w oubyen sa w genyen avèk ou san pèmisyon w.
  • Si w gen pi plis ke 18 tan, pote tout papye imigrasyon w sou ou toutan. Si w pa genyen yo se pou di ajan an ou vle rete an silans oubyen ou vle pale ak yon avoka anvan ou reponn kesyon tout kesyon.

Kisa pou w fe:

  • Nan kèk eta, ou sipoze montre pyès idantite ki gen non w bay ajan lapolis la si yo kanpe w epi mande pyès idantite w. Menm si ou bay non w ou pa oblije reponn okenn kesyon.
  • Si wap kondi epi lapolis kanpe w ajan an ka mande w pou montre  lisans ou papye machin ou ak prèv ki montre machin nan gen asirans men, ou pa oblije reponn kesyon ki gen rapò ak reglemen w ak imigrasyon.
  • Ofisye imigrasyon ki nan ayewopò yo ka poze w kesyon sou regleman ou ak imigrasyon. Si ou se on rezidan pèmanan (LPR) ki kenbe estati ou, ou gen pou reponn sèlman kesyon sou idantite ou ak rezidans ou nan peyi a. Si ou refize reponn lòt kesyon sa ka fè yo pase plis tan ak ou men ofisyèl yo pa refize ou rantre nan peyi a paske ou pa reponn lòt kesyon yo poze w yo. Si w pa yon sitwayen ki gen viza yo ka anpeche w antre nan peyi a si w refize reponn lòt kesyon yo poze w.

Kòmantè adisyonèl:

2. Lapolis rete m oubyen ICE

A.Lapolis rete m oubyen ICE

A.

Kòman pou pwoteje tèt ou:

  • Rete trankil epi pa fè rezistans oubyen bare polis yo oubyen ajan yo.
  • Pa bay manti oubyen bay fo dokiman.
  • Prepare tèt ou ak fanmi w pou si yo ta arete w. Sonje nimewo telefòn fanmi w ak avoka w. Fè plan rapid pou timoun ou yo oubyen pran remèd.

Dwa ou yo:

  • Ou gen dwa pou ret an silans. Si w vle egzèse dwa w se pou di l fò. (nan kèk lòt eta, yo ka mande w pou bay non w pou ka idantifye w.)
  • Ou pa oblije dakò si polis la vle fouye w oubyen fouye zafè w men polis la kapab ba w ti tap sou rad ou si li sispèk ou gen zam sou ou.
  • Si lapolis arete w ou gen dwa pou pran yon avoka ki travay pou gouvènman an.
  • Si ICE kenbe w, ou gen dwa pou konsilte yon avoka men gouvènman an pa oblije ba ou youn tou. Ou ka mande pou yon lis avoka ki travay gratis oubyen lòt altènativ ki pa chè.
  • Pinga ou reponn kesyon sou ki kote ou fèt menm si ou se on sitwayen ameriken oubyen kòman ou te antre nan peyi a. (Separe tout règleman ki aplike nan fontyè ak ayewopò, pou lot imigran ki gen viza, pou touris ak biznismann kap vwayaje.)

Kisa pou w fè si y arete w oubyen kenbe w:

  • Se pou di wap rete an silans  epi mande pou yon avoka touswit. Pinga ou nan bay eksplikasyon ak eskiz. Pa di anyen, ni fè okenn siy, ou pran okenn desizyon san yon avoka.
  • Si lapolis arete w ou gen dwa pou fè yon kout fil lokal. Polis la pa gen dwa tande w si wap pale ak avoka w.
  • Si ICE kenbe w, ou gen dwa pou kontakte ambasad oubyen fè lapolis la enfòme kote yo kenbe w la.
  • Sonje nimewo imigrasyon w (nimewo ''A") epi bay fanmi ou li. Sa ap ede fanmi w konnen ki kote ou ye.
  • Kenbe yon kopi dokiman imigrasyon ou ak yon moun ou fè konfyans.
  • Si ou pa yon sitwayen ameriken: Mande avoka w sou konsekans ki genyen si w oubyen sa ki ka rive si w plede koupab. Pa pale anyen ak pèsonn sou zafè imigrasyon w, sèlman avoka w. Pandan w nan prizon yon ajan imigrasyon kapab vin vizite w. Pa reponn okenn kesyon oubyen siyen anyen anvan ou pale ak avoka w. Li tout enstriksyon yo avèk anpil atansyon. Si w pa konprann oubyen ou pa ka li dokiman yo se pou di ofisye a oubyen ajan an ou bezwen yon entèprèt.

Si ou kwè yo vyole dwa w:

  • Ekri sou papye tout sa ou sonje tankou non ki sou badj ofisye yo, nimewo plak machin avèk pouki ajans ofisye a ap travay epi lòt ti detay. Pran kontak temwen w yo.
  • Si w fraktire chèche pran swen medsen rapidman epi pran foto kote w frape yo.
  • Ekri yon depozisyon bay ajans ki regle zafè enteryè oubyen komite ki pran konplent sivil. Ou ka depoze yon plent anonim si w vle.

3. M gen lapolis oubyen ICE lakay mwen

A.M gen lapolis oubyen ICE lakay mwen

A.

Kòman pou pwoteje tèt ou:

  • Rete poze epi fèmen pòt kay ou. menm si ou louvri pòt lakay ou sa ap bay yo pèmisyon pou rantre men li tap pi bon pou pale ak ICE atravè pòt la.

Dwa ou yo:

  • Ou gen dwa pou ret an silans menm si ofisye a gen yon manda.
  • Ou pa oblije kite polis la oubyen ajan imigrasyon an antre lakay ou amwens ke yo genyen yon espès de manda.
  • Si lapolis gen yon manda yo gen pèmisyon pou yo antre lakay moun sa a yo gen manda pou li a si yo sispèk moun nan nan kay la. Men, yon manda pou depòte (Fòm I-205) pa pèmèt okenn ofisye pou antre nan on kay san pèmisyon.

Kisa pou m fè lè lapolis oubyen ICE rive:

  • Mande yo si yo se ajan imigrasyon epi poukisa yo la.
  • Mande ajan oubyen ofisye a pou l montre w badj li oubyen pyès idantite atravè fenèt la oubyen jouda pòt la.
  • Mande si yo gen manda ke jij siyen ladan l. Si yo di yo genyen, mande yo pou yo glise l anba pòt la oubyen kenbe bò fenèt la pou ka verifye l.
  • Pa bay manti oubyen bay fo dokiman. Pa siyen anyen san ou pa pale ak yon avoka.
  • Pa louvri pòt toutotan ICE a montre w prèv jiridik oubyen manda ki gen non moun nan ki lakay ou a ak adrès li. Si yo pa montre w manda kite pòt ou fèmen. Eta: "Mwen pa dakò ou antre."
  • Si ajan ap fòse rantre, pa reziste. Si w vle egzèse dwa w, di: "Mwen pa dakò ou antre ni pou fouye kay la" "M ap ret an silans." "Mwen vle pale avèk yon avoka."
  • Si w an libète sou kondisyon lapolis gen pèmisyon pou antre lakay ou.

4. Mwen bezwen yon avoka

A.Mwen bezwen yon avoka

A.

Dwa ou yo:

  • Si lapolis arete w ou gen dwa pou pran yon avoka ki travay pou gouvènman an epi ou sipoze mande pou youn imedyatman.
  • Si yo arete w ou gen dwa pou rele on moun an prive nan on tan ki rezonab epi lapolis la pa gen dwa tande si se avèk yon avoka wap pale.
  • Si ICE kenbe w, oubyen polis ki sou fontyè ou gen dwa pou konsilte yon avoka men gouvènman an pa oblije ba ou youn tou. Ou ka mande pou yon lis avoka ki travay gratis oubyen lòt altènativ ki pa chè.
  • Si yo kenbe w ou gen dwa pou rele yon avoka oubyen yon fanmi epi ou gen dwa pou resevwa vizit yon avoka pandan ou an retni. Ou gen dwa ak on avoka avè w nan tout chita tande anvan w al devan tout jij imigrasyon.
  • Men enfòmasyon lis kontak pou òganizasyon legal ki asiste imigran yo.

5. Lapolis fontyè kenbe m tou pre fontyè

A.Lapolis fontyè kenbe m tou pre fontyè

A.

Kòman pou pwoteje tèt ou:

  • Rete trankil lè w ap pale ak polis imigrasyon. Pa bay manti oubyen bay fo dokiman.
  • Pa janm kouri pou imigrasyon lè yap fè kontwòl.

Dwa ou yo:

  • Ou gen dwa pou ret an silans. Ou kapab di ajan an wap reponn kesyon l yo nan prezans yon avoka kelke swa estati legal ou.
  • Ou pa oblije reponn okenn kesyon sou regleman w ak imigrasyon w. Eksepsyon an trè limite pou yon moun ka gen pèmisyon nan peyi etazini pou yon rezon espesyal epi pou yon tan byen detèmine (pou moun ki" pa imigran" ki sou viza pa egzanp). Moun sa yo sipoze bay enfòmasyon sou estati yo ak imigrasyon si yo mande yo.
  • An jeneral, ajan ki sou fontyè yo pa ka kenbe w amwens ke yo "sispèk ou anpil" epi ou poze zak ki vyole lwa imigrasyon oubyen lwa federal.
  • Yon ofisye imigrasyon pa ka arete w san "kòz pwobab". Sa vle di ajan an dwe gen prèv nan men kote ou poze zak ki vyole lwa imigrasyon oubyen lwa federal.
  • Lè imigrasyon ap fè kontwòl, ajan yo pa bezwen sispèk ou pou yo kanpe w epi poze w kesyon men kesyon yo sipoze kout epi gen rapò ak verifikasyon sou regleman w ak imigrasyon. Yo kapab sipèvize machin ou an.

A sa pou w atann ou:

  • Selon kèk kritè yo ka voye tounen rapidman moun ki rantre Etazini san ofisye imigrasyon pa sipèvize yo. Si yo mande pou retounen mande pou ki rezon. Epi, si ou pè pèsekisyon nan peyi orijin ou ou sipoze di ajan imigrasyon yo sa rapidman.
  • Lè wap travèse fontyè, otorite federal pa bezwen manda oubyen sispèk w ap fè on bagay ki mal pou yo fouye w oubyen fouye bagay ki avèk ou.
  • Si yon ajan mande w pou dokiman w, sa w ap montre yo ka diferan depann de estati w ak imigrasyon. Sitwayen ameriken pa bezwen pote prèv sitwayènte yo si yo etazini. Si ou gen dokiman imigrasyon ki valid epi ou depase 18 tan lalwa mande pou pote dokiman sa yo sou ou. Si imigrasyon mande w pou montre dokiman sa yo, montre yo. Si w se on imigran san dokiman ou ka pa aksepte sa ajan an mande w kwake ajan an ka mande w plis kesyon.

6. Lapolis, ICE ak polis ki sou fontyè bloke m pandan m ap travèse

A.Lapolis, ICE ak polis ki sou fontyè bloke m pandan m ap travèse

A.

Kòman pou pwoteje tèt ou:

  • Ret poze. Pa kouri, pa diskite oubyen bare ajan oubyen ofisye a. Mete men w kote polis la kap wè yo.
  • Si ou nan machin, ralanti epi pake imedyatman. Etenn machin nan, limen limyè andedan yo, desann vit yo a demi epi mete men w sou volan an. Si yo mande w, montre polis la lisans ou, papye machin nan ak asirans machin nan.
  • Si w pa yon sitwayen ameriken epi yon ajan mande w pou papye imigrasyon w ou sipoze montre yo si w genyen yo sou ou. Si w gen pi plis ke 18 tan, pote tout papye imigrasyon w sou ou toutan. Si w pa gen papye imigrasyon w yo di konsa ou vle rete an silans.

Dwa ou yo:

Nan yon machin:

  • Chofè ak pasaje sipoze rete an silans. Si w se on pasaje ou ka mande si ou lib pou ale. Si ofisye a di wi, ale trankilman.
  • Si yon ofisye oubyen yon ajan imigrasyon mande pou l sipèvize machin ou ou gen dwa refize sa. Men si an jeneral lapolis kwè machin ou an gen evidans yon krim, yo ka fouye machin ou an san konsantman w.
  • An plis de polis yo, polis fontyè yo konn ap "flannen fè patwouy" andedan etazini kap kanpe moun kap pase. Polis ki fè patwouy sou fontyè yo sipoze gen prèv rezonab ke chofè ak pasaje yo komèt vyolasyon lalwa imigrasyon yo oubyen fè krim federal.
  • Tout arestasyon oubyen yon estòp ki long mande yon kòz pwobab. Ou kapab mande ajan an konsènan baz kòz pwobab epi yo sipoze di w. Nan sitiyasyon sa a, ni chofè a ni pasaje yo sipoze rete an silans epi yo pa gen dwa reponn okenn kesyon konsènan estati yo ak imigrasyon.

Nan yon avyon:

  • Yon pilòt ka refize pou l vwayaje ak yon pasaje si li santi ke pasaje a se on menas pou sekirite vòl la. Poutan yon pilòt pa kapab kesyone w oubyen refize kite monte abò yon vòl sou baz kwayans relijye, ras, nasyonalite, seks, etnik oubyen apatenans politik.
  • Si w kwè yo twonpe w ak on lòt moun ki nan lis "paka vwayaje" ou sipoze revize konsèy lis "paka vwayaje."

Nan bis ak tren yo:

  • Ajan kap fè patwouy yo kapab monte nan tren ak bis yo nan espas 100 An jeneral konn gen plis ke yon sèl ofisye ki monte bis yo epi poze pasaje yo kesyon sou estati imigrasyon yo, mande yo pou yo montre yo dokiman imigrasyon oubyen toulede.
  • Kesyon sa yo sipoze kout epi sipoze konsène dwa yo genyen pou prezans yo etazini. Ou pa oblije reponn oubyen ou ka di ou pa swete reponn okenn kesyon. kòm dabitid ou gen dw pou fè silans.

Si ou kwè yo vyole dwa w:

  • Ekri sou papye tout sa ou sonje tankou non ki sou badj ofisye yo, nimewo plak machin avèk pouki ajans ofisye a ap travay epi lòt ti detay. Pran kontak temwen w yo.
  • Si w fraktire chèche pran swen medsen rapidman epi pran foto kote w frape yo.
  • Ekri yon depozisyon bay ajans ki regle zafè enteryè oubyen komite ki pran konplent sivil. Anpil fwa ou ka fè rapò sa yo san ou pa siyen non w.

7. Yo kenbe m pandan dosye m nan imigrasyon

A.Yo kenbe m pandan dosye m nan imigrasyon

A.

Dwa ou yo:

  • Anpil fwa yo konn kenbe moun ki gen dosye yo nan imigrasyon nan ka sa yo yo konn lage yo sou kondisyon pou yo peye lajan oubyen lòt kondisyon.
  • Si yo kenbe w ou gen dwa pou rele yon avoka oubyen yon fanmi epi ou gen dwa pou resevwa vizit yon avoka pandan ou an retni.
  • Ou gen dwa ak on avoka avè w nan tout chita tande anvan w al devan tout jij imigrasyon.

Kisa pou w fè si y arete w oubyen kenbe w:

  • Si yo pa vle lage w aprè yo arete w pou vyolasyon lwa imigrasyon mande pou yon chita tande devan yon jij imigrasyon. Anpil fwa, yon jij imigrasyon ka òdone pou yo lage w oubyen bese lajanyo mande w la.

8. Si yo arete m epi mwen vle konteste yon depotasyon

A.Si yo arete m epi mwen vle konteste yon depotasyon

A.

Dwa ou yo:

  • Ou gen dwa pou yon chita tande pou konteste lòd depòtasyon ou amwens ke w leve posiblite pou chita tande a, siyen yon bagay ki rele "lòd pou retire yon kondisyon" oubyen pran "ou depòte tèt ou"
  • Si ICE kenbe w,oubyen polis ki sou fontyè ou gen dwa pou konsilte yon avoka men gouvènman an pa oblije ba ou youn tou. Ou ka mande pou yon lis avoka ki travay gratis oubyen lòt altènativ ki pa chè. Si ou pa gen avoka mande tribinal pou l ba w tan pou jwenn youn.

Kisa pou w fè si y arete w oubyen kenbe w:

  • Si yo di w ou pa dwa pou wè yon jij imigrasyon ou sipoze pale ak yon avoka imedyatman. Gen kèk ka kote on moun ka pa gen dwa pou wè yon jij imigrasyon. Menm si yo di ou se nan sitiyasyon sa w ye ou sipoze mande pou pou pale ak yon avoka imedyatman paske ofisye imigrasyon yo pap toujou konnen  oubyen di ou eksepsyon ki ka aplike pou ou.
  • Si ou pè pèsekisyon oubyen pou pou yo pa matirize w nan peyi w  se pou di ajan yo sa epi kontakte avoka w imedyatman. Ou gen pi plis dwa toujou si w pè.