Kat Ranfòsman Votè Laflorid 2008
MS Word ou Adobe
Printer Friendly
Sendika Libète Sivil Ameriken (The American Civil Liberties Union) (ACLU) an se yon òganizasyon global san bi likratif, san patizan ki genyen plis pase 500,000 manm pou defann prensip libète ak egalite ki fòme dwa sivil Konstitisyon nasyon nou yo. ACLU an pa andose oswa opoze okenn kandida oswa pati, men nou kwè dwa sivil pi enpòtan nan demokrasi nou an pas dwa pou vote. Kat sa deziyen pou ede w pwoteje dwa w pou vote. Kenbe li sou lamen, epi pote li avèk ou lè w ale nan biwo vòt yo Jou Eleksyon an.
Kat sa deziyen pou ede w pwoteje dwa w pou vote. Kenbe li sou lamen, epi pote li avèk ou lè w ale nan biwo vòt yo Jou Eleksyon an.
KIMOUN KI KAPAB VOTE
Èske mwen kapab vote nan Laflorid?
- Ou kapab vote nan eleksyon 4 Novanm la si ou enskri pou vote avan Lendi, 6 Oktòb.
- Ou kapab enskri si ou ranpli tout kalifikasyon ki annapre la a: (1) Pou pral omwens 18 ane Jou Eleksyon an; (2) ou se yon sitwayen Ameriken; (3) ou se yon rezidan Laflorid; (4) Tribinal yo pat deklare ou genyen “enkapasite mantal” konsènan vòt (eksepte si yo te reyenstore dwa w pou vote); epi (5) yo pat janm kondane pou yo gwo krim (eksepte si yo te reyenstore dwa w pou vote).
E si mwen se yon etidyan?
- Ou kapab enskri ak kèlkeswa adrès ou genyen kòm rezidans prensipal legal. Sa kapab adrès lekòl ou an oswa adrès lakay ou.
E si yo te kondane mwen pou yon krim?
- Si ou te kondane pou yo gwo krim (felony) nan Laflorid, ou pa kapab vote nan Laflorid jiskaske yo reyenstore dwa w pou vote.
- Si yo te kondane w pou yon deli, ou kapab vote, men ou dwe vote ka vote nan kourye si ou nan prizon toujou.
- Si ou te kondane pou yo gwo krim (felony), men ou te retni abitraj ou an oswa yo te oswa yo te retire akizasyon an, ou kapab vote nan Laflorid.
- Si ou te kondane pou yo gwo krim (felony) nan yon lòt eta, men yo pa reyenstore dwa w pou vote nan eta sa a ou pa kapab vote nan Laflorid jiskaske yo reyenstore dwa w pou vote nan Laflorid oswa nan lòt eta an.
-
Si ou te kondane pou yo gwo krim (felony) nan yon lòt eta, epi yo pa reyenstore dwa w pou vote nan eta sa a, ou kapab enskri epi vote nan Laflorid san okenn papye adisyonèl.
- Vizite http://www.aclufl.org/issues/voting_rights/ aplikasyon pou reyenstorasyon pou dwa a restoration.cfm oswa http://www.restorerights.org pou plis enfòmasyon ak enstwiksyon sou kòman ou kapab jwenn reyenstorasyon dwa w pou vote.
E si mwen pa gen kay pou m rete?
- Ou pa bezwen gen kay pou enskri, men ou dwe idantifye pou kote rezidans, li kapab yon kafou, yon pak, yon shèltè oswa nenpòt lòt kote ou rete nòmalman. Ou dwe founi yon adrès tou, ki paka òganizasyon lokal fètekòz ou an, shèltè, sant asistans (outreach) oswa nenpòt lòt kote ki aksepte pou resevwa korespondans postal pou ou.
ENSKRIPSYON
Kòman pou mwen enskri?
- Ou kapab enskri pou vote:
(1) an pèsòn, lè ou klase yon aplikasyon enskripsyon pou vote nan yon nan biwo Sipèvizè Eleksyon yo, biwo lisans chofè, ajans enskripsyon votè, biwo rekrit militè, oswa Divizyon Eleksyon yo;
(2) ak kourye, lè ou klase yon aplikasyon bilten vòt pa korespondans lè ou voye li pa lapòs pou Sipèvizè Eleksyon konte ou an, oswa nan nenpòt lòt biwo ki otorize pou aksepte enskripsyon yo; oswa
(3) lè ou aplike pou sèvis nan yon biwo lisans chofè oswa yon ajans leta ki founi asistans piblik (tankou Medikèd, WIC, ak koupon manje yo) oswa sèvis pou moun ki andikape yo.
- Ou kapab jwenn yon aplikasyon bilten vòt pa korespondans nan yon Biwo Sipèvizè Eleksyon, biwo lisans chofè, prèske tout bibliyotèk, kolèj ak lekòl segondè, si ou rele Sipèvizè Eleksyon ou an, oswa sou entènèt la nan http://election.dos.state.fl.us/voter-registration/ voter-reg.shtml.
Ki dènye delè pou enskripsyon an?
- Ou pap kapab vote nan eleksyon 4 Novanm la, men ou kapab enskri pou vote nan lòt eleksyon nan lavni yo.
E si mwen te demenaje oswa te chanje non mwen?
- Ou dwe notifye Sipèvizè Eleksyon w la oswa lòt ofisyèl enskripsyon votè yo chak fwa ou chanje non w avèk adrès ou.
- Si ou te demenaje epi ou pat founi notifikasyon chanjman adrès ou avan 6 Oktòb, ou kapab vote jou eleksyon an nan biwo vòt pou nouvo adrès ou an epi ou siyen yon affidavit ki deklare nouvo adrès ou an. Fla. Stat § 101.045.
Kòman pou mwen konnen si mwen enskri ?
- Sipèvizè Eleksyon w la oswa pral voye yon kat enfòmasyon votè pou ou pa lapòs nan lespas 8 semèn aprè ou enskri pou vote. Ou kapab rele Sipèvizè Eleksyon w la pou tcheke sou enskripsyon vòt ou an.
VOTE BONÈ
Èske mwen kapab vote avan Jou Eleksyon an?
- Wi. Nenpòt votè ki enskri kapab vote avan Jou eleksyon an lè yo voye vòt pa korespondans yo an oswa an pèsòn nan yon yo kote ki dedye pou vote bonè.
Kòman mwen kapab vote nan yon kote ki dedye pou vote bonè?
- Vote bonè fèt an Lendi, 20 Oktòb, ak Samdi, 2 Novanm. Sipèvizè Eleksyon w la ou orè ak lokasyon kote ki dedye pou vote bonè yo ye nan konte w la.
Kòman mwen kapab jwenn yon bilten vòt pa korespondans?
- Ou kapab fè yon demann pou yon bilten vòt pa korespondans nan men Sipèvizè Eleksyon konte w la avan 5 p.m. nan Mèkredi, 29 Oktòb. Ou kapab fè demann ou an pèsòn, pa telefòn, oswa pa korespondans. Plizyè nan Sipèvizè Eleksyon yo ofri yon fòm demann sou entènèt la.
Ki dènye delè pou mwen remèt bilten vòt pa korespondans mwen an?
- Pou yo kapab kontè w, Sipèvizè Eleksyon w la dwe resevwa bilten vòt pa korespondans an pa pita pase 7 p.m. Jou Eleksyon an.
VOTE JOU ELEKSYON AN
Ki dat Jou Eleksyon an ye?
Kilè biwo vòt yo ouvri?
- Biwo vòt yo pral ouvri apatide 7 a.m. jiska 7 p.m., fezo orè lokal yo. Ou gen tout dwa pou vote si ou te nan liy la lè biwo vòt yo fèmen. Fla. Stat. § 100.011
Èske mwen kapab resevwa absans nan travay la pou ale vote?
- Lalwa pa egzije pou anplwayè yo peye oswa pa peye pou tan ou pran pou ale vote, men anplwayè w la genyen pwòp regilasyon yo pou pèmèt moun pou ale vote. Mande anplwayè w la avan Jou Eleksyon an.
Ki kote pou mwen ale vote?
- Jou Eleksyon an, ou dwe vote nan biwo vòt yo deziyen w la.
Sikonskripsyon yo deziyen w la pral make nan lis kat enfòmasyon vòt ou an ou dwe resevwa lè ou te enskri an.
- Si ou pa genyen kat ou an, ou kapab kontakte Sipèvizè Eleksyon w la pou konfime ki kote biwo vòt an ye. Plizyè Sipèvizè Eleksyon pèmèt ou tou pou gade ki kote biwo vòt ou ye sou entènèt la nan sitwèb Sipèvizè Eleksyon yo.
Èske mwen kapab pote yon èd votè avèk mwen nan biwo vòt yo?
- Wi. Ou kapab yon èd votè alekri oswa enprimè avèk ou si se ou itilize pou fè vòt ou an. Egzanp yo enkli yon echantiyon bilten vòt la, yon gid pou votè, oswa kat sa a.
E biwo vòt la pa aksesib pou mwen?
- Lwa leta ak federal egzije pou tout biwo vòt aksesib pou moun ki andikape kapab itilize yo. Si ou vin aprann avan Jou eleksyon an biwo bilten w la pa aksesib, notifye Sipèvizè Eleksyon w la epi mande pou yon akomodasyon.
Èske mwen kapab jwenn yon bilten vòt nan lang natif natal mwen?
- Genyen konte nan Laflorid la ki egzije pou founi asistans an Panyòl ak Seminole. Lòt konte yo founi asistans nan lang diferan pas Anglè, menm si lalwa pa mande sa. Kontakte Sipèvizè Eleksyon w la avan Jou eleksyon an pou kapab konnen kisa ki disponib nan zòn ou an. Travayè nan biwo vòt yo ki la kote yo bezwen asistans nan lòt lang dwe ede w. Si yo pa ede w, kite yon nan travay biwo vòt yo konnen ou bezwen asistans nan lang sa yo. Ou gen dwa pou resevwa tradiksyon nan bilten vòt yo ak lot dokiman eleksyon yo.
- Menm si asistans nan lang natif natal ou an pa disponib kote ou al vote an, ou gen dwa pou mennen yon entèpretè avèk ou nan biwo vòt la oswa pou jwenn asistans nan men nenpòt moun ou chwazi, sa enkli yon travayè vòt yo, depi moun sa pa moun w ap travay avèk la, oswa yon ofisye oswa ajan sendika travay. Fla. Stat. § 101.051
E si mwen bezwen èd nan izolwa vòt la?
- Si ou bezwen èd akòz andikap fizik oswa paske ou pa kapab li, kite travayè vòt la konnen lè ou rive nan biwo vòt la. Ou gen dwa pou vote nan yon machin vòt ki aksesib. Ou gen dwa tou pou jwenn asistans lan men nenpòt moun ou chwazi nan izolwa vòt la, sa enkli yon travayè vòt yo, depi moun sa pa yon reprezantan moun w ap travay avèk la, oswa yon ofisye oswa reprezantan sendika travay. Fla. Stat. § 101.051
- Si ou bezwen enstwiksyon sou kòman pou itilize ekipman vòt la, mande yon travay vòt yo pou èd. Travayè vòt yo oblije pou ede w lè ou mande—menm aprè ou fin rantre nan izolwa vòt la. Fla. Stat. § 101.031
ID VOTÈ
Èske mwen dwe montre ID mwen?
- Wi. Lwa Eta an egzije pou tout votè yo pou prezante yon foto ID avan yo resevwa bilten vòt la.
Ki fòm Idantifikasyon ki akseptab?
- Fòm ID ki akseptab enkli: Yon lisans chofè Laflorid, yon kat ID Laflorid ki sòti nan Depatman Sekirite ak Veyikil a Motè; yon paspò Ameriken; yon kat debi oswa kredi (ki gen foto w sou li); yon ID militè oswa etidyan; yon ID sant retrèt; Yon ID asosyasyon Vwazinaj; ak yon ID asistans piblik. Fla. Stat. § 101.043
- Si ID ou founi an pa gen siyati w sou li, ou pral dwe montre yon lòt fòm ID (ki pa gen foto w sou li) ki gen siyati w sou li. Fla. Stat. § 101.043
Bilten Vòt Pwovizyonèl yo
Kisa yon bilten vòt pwovizyonèl ye?
- Yo itilize yon bilten vòt pwovizyonèl pou vote lè ou genyen kesyon ki pa rezoud sou kalifikasyon w.
Èske yo pral kontè bilten vòt pwovizyonèl mwen an?
- Bilten vòt pwovizyonèl ou an pral kontè sèlman si ofisyèl eleksyon an detèmine aprè eleksyon an ou te kalifye pou vote epi sèlman si ou te make vòt ou an nan biwo vòt ou te deziyen w lan. Prèske tout bilten vòt pwovizyon pa kontè epi ou dwe itilize youn sèlman si ou pa genyen oken lòt fason ou kapab vote nan yon biwo vòt regilye.
Pwoblèm Nan Biwo Vòt yo
E si mwen pa sou lis votè an?
- Premyèman, mande travayè biwo vòt la pou tcheke lis la ankò epi konfime ou nan bon kote pou adrès ou.
- Si ou nan bon kote an men non w pa sou lis votè an, mande pou yon bilten vòt pwovizyonèl. Ou gen dwa pou fè yon bilten vòt pwovizyonèl, menm si non w pa sou lis votè an. Bilten vòt pwovizyonèl ou an pral kontè sèlman si ou te make vòt ou an nan biwo vòt ou te deziyen w lan. Fla. Stat. § 101.048
E si mwen te ale yon lòt biwo ki pa pou mwen?
- Ale nan biwo vòt ki deziyen w la. Ou kapab mande yon travayè biwo vòt la pou ede w jwenn kote ou te enskri an. Ou kapab tou rele Sipèvizè Eleksyon w la. Fla. Stat. § 101.048
- Si ou pa kapab konnen ki kote ou te enskri, ale nan kote ou panse ki kapab bon kote pou adrès ou epi mande pou make yon papye bilten vòt regilye. Si ou pa sou lis votè an, epi ou kwè ou nan biwo vòt yo te deziyen w la, mande pou yon bilten vòt pwovizyonèl. Ou gen dwa pou fè yon bilten vòt pwovizyonèl, menm si ou pa si ou nan bon kote pou vote. Fla. Stat. Bilten vòt pwovizyonèl ou an pral kontè sèlman si ofisyèl eleksyon an detèmine aprè eleksyon an ou te kalifye pou vote epi sèlman si ou te make vòt ou an nan biwo vòt ou te deziyen w lan. Fla. Stat. § 101.048
E si yon moun kesyone dwa m pou vote?
- Mande pou yon ba w yon kopi defi an ak bilten vòt pwovizyonèl ou genyen an. Defi an dwe alekri epi sèmante, epi li kapab te fèt 30 jou avan eleksyon an. Ou gen dwa pou make yon bilten vòt pwovizyonèl menm si yo te kesyone w. Yo pral kontè sèlman si ofisyèl eleksyon an detèmine aprè eleksyon an ou te kalifye pou vote epi sèlman si ou te make vòt ou an nan biwo vòt ou te deziyen w lan. Fla. Stat. § 101.111
E si yon moun ap chèche pou entimide mwen oswa asele mwen?
- Kite travayè biwo vòt la konnen imedyatman. Si se travayè biwo vòt la k pa ba w traka, pale avèk yon moun k ap siveye bilten vòt yo, rele Sipèvizè Eleksyon w la, rele yon nan nimewo Liy èd eleksyon yo ki nan fen kat sa a, oswa pote yon plent sou entènèt la nan http://www.votingrights.org.
E si mwen te fè yon erè nan bilten mwen an oswa machin pou vote an te gen malfonksyon?
- Kite yon travayè biwo vòt la konnen avan pou make vòt ou an. SI ou te gate yon bilten vòt, ou gen dwa pou yo ranplase li pou ou jiska de (2) fwa. Si machin vòt pou an pa fonksyone byen, ou kapab mande pou yo ba w yon machin diferan. Fla. Stat. § 101.5608
Kòman pou mwen pote plent?
- Premyèman, mande yon moun ki anchaj biwo vòt ou an. Li kapab okipe plent woutin ki rive nan Jou eleksyon an. Kandida, Pati politik yo, ak gwoup san bi likratif yo kapab genyen tou yon moun k ap siveye biwo bilten yo ki kapab ete w tou. Si nenpòt nan moun sa yo mande pou ki moun w ap vote, oswa yo pa kapab rezoud plent ou an, rele Sipèvizè Eleksyon w la oswa Divizyon Eleksyon yo.
- Ou kapab rele tou yon nan nimewo Liy èd eleksyon yo ki nan fen kat sa a, oswa pote yon plent sou entènèt la nan http://www.votingrights.org.
KONSÈY POU EVITE PWOBLÈM
- Tcheke estati enskripsyon vòt ou an omwens 30 jou avan eleksyon an.
- Vote avan Jou Eleksyon an, lè ou itilize kat vote bonè an oswa vòt pa korespondans.
- Si ou gen plan pou vote nan yon biwo vòt yo, konnen ki kote li ye omwens 30 Jou avan eleksyon an.
- Vote bonè nan jounen an pou evite foul dènye minit yo.
- Pote avèk ou yon kat foto ID ki valid ki geyen siyati w sou li.
- Swiv tout enstwiksyon yo avèk prekosyon.
- Mande èd lè w bezwen sa.
- Pran tan ou. Ou gen jiska 5 minit pou make vòt ou an. Fla. Stat. § 101.23
VOTE
PLIS ENFÒMASYON SOU ID
- LIY ASISTANS DIVIZYON ELEKSYON VOTÈ LAFLORID (FLORIDA DIVISION OF ELECTIONS VOTER ASSISTANCE HOTLINE):
: (866) 308-6739
- LIY ASISTANS DIVIZYON ELEKSYON ENTIMIDASYON VOTÈ LAFLORID (FLORIDA DIVISION OF ELECTIONS VOTER INTIMIDATION HOTLINE): (877) 868-3737
- DEPATMAN JISTIS AMERIKEN (U.S. DEPARTMENT OF JUSTICE): (800) 253-3931
- PWOJÈ ACLU SOU DWA MOUN KI VOTE (ACLU VOTING RIGHTS PROJECT): (877) 523-2792
- PWOJÈ ACLU SOU DWA MOUN KI VOTE NAN LAFLORID (ACLU OF FLORIDA VOTING RIGHTS PROJECT): (786) 363-2700
- www.votingrights.org