![]() ![]() |
|||||||
|
|
Komisyonè dwa sivil etazini dakò pou al tande yon sesyon enstriktif sou afè diskriminasyon INS nan sa ki gen pou wè ak detni ayisyen k?ap chache azil14-6-02 Pou yon kopi lèt-la, rele: Alessandra Soler Meetze, ACLU-FL, Dirèktè kominikasyon, (305) 576-2337 ext:16 (biwo) oswa (786) 208-7203 (mobil) MIAMI - Komisyon dwa sivil etazini-a aksepte yon envitasyon dwa sivil Miami-a te voye ba-li pou li vin diskite de plan politik federal imigrasyon genyen ki kenbe dè santenn de Ayisyen nan sant detansyon san moun-sa-yo pa konn kilè yo pwal lage-yo. Se le 21 jwen ke vizit-sa ap fèt. Komisyon-an gen pou tounen Miami 20 jwen pou detèmine ki pwogrè ki fèt sou vòt nan afè refòm nan Florid-la. Komisyon-an dakò pou rete pli lontan pou li ka koute temwayaj plizyè koalisyon ki reprezante dwa sivil ak dwa moun, tankou òganizasyon ki rele ?Hermanos Al rescate?, NAACP, ak Haitian American Grass Root Coalition. ?Se pa ni de kriminel, ni de teworis n?ap pale.? Te di Cheryl Little ki se dirètè Ekzekitif de FIAC. ?Moun sa-yo, se nonm, fanm, ak timoun ki vini nan peyi-sa-a pou yo jwen libète, men ke yo fenmen poutèt koulè po-yo.? Nou ta swete ke komisyon-an ta fè de rekomandasyon ki ta mete fen a politik sa-a pou Ayisyen-yo ka lage bay fanmi ak zanmi-yo.? Sesyon enstriktif-la ap komanse a 10:30 am le 21 jwen nan Hyatt Regency Miami, 400 SE 2nd avenue. Tou swit apre Sesyon enstriktif-la, komisyonè-a ak empwaye-yo ap vizite TGK, kote yo kenbe fanm Ayisyen-yo nan yon prison maksimom sekirite ansanm ak gwo kriminèl. Komisyon-an dakò pou li vin patisipe nan Sesyon enstriktif-la -a apre ke li resevwa yon envitasyon de ACLU ak FIAC. ACLU ak FIAC ap fè demach pou plis ke 200 Ayisyen ki oblije ap fè petisyon pou yo ka jwenn azil etan yo nan prison, alòske ameriken lage refijye lòt peyi e kite yo an libète etan y?ap tann pou wè si y?ap ba-yo azil ou pa. Y?ap asiyen INS poutèt yo di ke INS vyole dwa refijye-yo deske yo pa ba-yo tretman egal ak ?due Process.? ?Nou kontan deske Komisyonè-a dakò pou li vin jete yon kout je sou kriz imigrasyon sa-a nan Florida-la. Vizit-sa-a ap ede moun konsantre sou pwoblèm rasis-sa-a ki aplike sèlman pou Ayisyen k?ap chache azil? te di direktè ekzekitif ACLU-a, H. Simon. ?Mwen ta swete ke Sesyon enstriktif-la -a ta kreye ase mekontantman nan popilasyon-an pou ta chanje plan politik INS sa-a nan administrasyon Bush ?la, pou Ayisyen k?ap chache azil ka jwenn menm tretman ak lòt moun ki vin nan peyi ?sa-a pou jwenn lavi-miyò. |