![]() ![]() |
|||||||
|
|
Sesyon enfòmèl pou komisyon Etazini-a sou dwa sivil, nan tretman Ayisyen k?ap chache azil resevwa nan sid Florid-la.Temwayaj de Lida Rodriguez-Taseff Pou yon kopi lèt-la, rele: 21 jwen 2002 Bonjou manb komisyon-yo. Non'm se Lida Rodriguez-Taseff. O non de ACLU ak kominote-a, mwen di'w mèsi deske ou pran tan pou rankontre avèk-nou. ACLU se yon òganizasyon ki nan tout nasyon-an, ki pa pou pwofi, ki pa patizan e ki gen apeprè 300,000 manb. Nan 300,000 manb-sa-yo, 12,000 nan leta Florid-la e yo dedye tèt-yo pou yo defann prensip libète ak egalite ki fè pati de konstitisyon de lwa sivil nasyon-nou-an. Se paske ACLU kwè nan verite ke nasyon-an non sèlman bati, men pwospere sou tèt imigran, kifè òganizasyon-nou-an ap batay depi lontan pou imigran ka gen aksè devan jij; kont detansyon ak depòtasyon enkonstitisyonèl; kont desizyon abitrè de gouvènman e kont pwosè san konsyans INS ki vyole dwa. Pa ekzanp, Haitian Refugee Center V. Civiletti mande azil an jiyè 1980 pou 4,000 Ayisyen k'ap chache azil. INS refize tou lè 4,000 aplikasyon-yo. Kou pwosè-a chaje ke ajans gouvènman etazini-a enstale yon pwogram ki gen kòm bi pou li refize rapid rapid tout revandikasyon Ayisyen plase pou azil. Kou Pwosè-a te konkli tou, ke diskriminasyon kont Ayisyen, se pa jodi-a li kòmanse. Li di se yon fenomenn ki kòmanse depi nan ane 1960-yo. Anplis, kou pwosè-a trouve ke INS t'ap angaje nan taktik laperèz lè yo mande avoka gouvènman-yo pou yo pale de Ayisyen tankou yon danje pou kominote sosyal ak eknomik-la. Jean Vs. Nelson se dezyèm ka ke yo te klase pou Ayisyen ke yo kenbe endefiniman nan Krome. Ayisyen-sa-yo ke yo te refize bay aksè a avoka; Ayisyen-sa-yo ke yo te kenbe nan de kondisyon de sipopilasyon e ke yo te transfere ilegalman. Ata INS te admèt ke jan yo te depòte Ayisyen-sa-yo te fotif. Yon fwa ankò, kou pwosè-a te note ke dwa Ayisyen-yo pa't respekte eke Ayisyen-yo te gwoup ki pi afekte nan nouvan règleman ki aplike-yo. Jij Eugene Spellman te bay lòd lage plis ke 1,000 Ayisyen dèske li te trouve ke règleman detansyon-an pa't valid. Kou dapèl-la te rejte revandikasyon gouvènman ki te di ke te gen yon masiv debakman de Ayisyen Ozetazini. Kou dapèl-la note ke Ayisyen pa reprezante plis ke 2% de tout flo imigrasyon nan Zetazini. Gouvènman-an ap tounen sou koze ke si règleman-sa-yo pa an plas, ap gen yon gwo debakman Ayisyen nan peyi-a. Alòske règ-sa-yo, yo te deja rejte-yo. Moun ki la depi lontan nan kominote-sa-a ka sonje an 1991 apre kou deta-a, yo te oblije asiyen gouvènman-an ki t'ap eseye rapatriye Ayisyen pa fòs alòske te fèk gen yon kou deta Ayiti. Epòk-sa-a se General Kenneth Star ki te avoka pou gouvènman-an e li te deklare ke gen 20,000 Ayisyen 'an mas' ke yo te pwal voye Guantanamo. Men, yo te di ke swadizan, Guantanamo pa't gen kapasite pou li resevwa tout moun-sa-yo. Nou kwè ke avoka gouvènman-yo te fè ekspre yo ekzajere sitiyasyon-an pou met panik kont Ayisyen an 1991. Pa ekzanp, kifè nou di sa, se paske le Bèna Aronson ta'p temwaye li te di ke tèm 'an mas-la' pa't klè e ke yo pa't menm te konnen tout bon konben Ayisyen to te gen pou yo te voye Guantanamo. Plizyè lòt moun te temwaye pa't gen okenn ris pou yon migrasyon an mas. Atousa, gouvènman te eseye bay manti toujou. Yo te prezante deklarasyon Robert K. Wolthuis ke yo te prezante kòm asistan Sekretè defans. Msye-sa-a asime wòl-sa-a pandan yon jou sèlman. Li pa't gen okenn pwoblèm admèt ke pi fò nan fè ke li te jire nan deklarasyon-li-a se avoka-yo ki te ekri-yo e te di'l di. Deklarasyon an te si tèlman defektif ke avoka pou Ayisyen-yo te oblije klase yon lòt dosye sou-li. Men kòm gouvènman-an te deja sonnen alam-nan yo pa't fouti kite moun bare wout-yo. Le 24 me, 1994, prezidan Bush te voye yon lòd ekzekitif bay INS. Lòd-la se te pou yo rapatriye kenpòt Ayisyen yo rete sou dlo, san yo pa menm envestige pou wè si moun-sa-yo ta'p sibi pèsekisyon an Ayiti. ("Kennenbunkport Order"). Règleman ki an plas jodi-a se menm penpenp ke an nom de fwa kou pwosè-a te rejte poutèt tandans rasis e diskriminatwa-li-yo. Se gwo ironi ki fè ke yon fwa ankò, sonnet panik-la sonnen. Fòk nou kapab sispann kite sistem-nan, ki lage nan dengon Ayisyen ka'p chache azil. Sistèm-sa-a ki nye-yo antre nan peyi-a menm lò gen ofisye ki fin deklare ke moun-sa-yo gen dwa de koz pou yo rete nan peyi-a! Nou espere ke w'ap konsidere pozisyon-nou sou règleman diskriminatwa-sa-yo ki afekte Ayisyen k'ap chache azil. Komisyon sou dwa sivil-la sèvi tankou konsyans nasyon-an nan sa ki gen pou wè ak dwa sivil, e nou enplore'w pou ou pran ka-sa-a trè zoserye. Nou ankouraje'w pou envestige tout vyolasyon delibere ki fèt kont Ayisyen k'ap chache azil sou dwa sivik ak dwa de lòm-yo. |