REYINI AK-NOU PASE A LAKSYON DÈNYE NOUVÈL DOKIMAN POU MIZA-JOU Spanish Kreyol Contact Us Search Privacy Policy
ACLU of Florida logo
Paj Prensipal Kominike Lapres konnenDwaw jwennEd dokimanPou Derechos Civiles sosyetarya

Alòske gouvènman-an a pare pou?l envestige dè milye de moun, ACLU ap sikile yon seri enfòmasyon nan plizyè lang pou edike piblik-la sou dwa-li.

21-11-01

Pou yon kopi lèt-la, rele:
Alessandra Soler Meetze, ACLU-FL, Dirèktè kominikasyon, (305) 576-2337 ext:16 (biwo) oswa (786) 208-7203 (mobil)

MIAMI -  ACLU nan Florid-la anonse jodi-a ke l?ap distribye livrè an angle, panyòl, ak arab pou fè moun konnen dwa-yo lè lapolis, FBI, oswa ofisyèl INS rete-yo oswa kesyone-yo.

Tit livrè-a se : ?Konn dwa?w.  Kisa pou fè si lapolis, FBI oswa INS rete?w.?  Li gen enfòmasyon pou moun ki viktim envestigasyon gouvènman-an san rezon depi apre atak teworis onz septanm-nan.

H. Simon, direktè ekzekitif ACLU nan Florid-la, te di: ?li enpòtan pou sitwayen ak moun ki pa sitwayen konnen dwa-yo paske n?ap viv nan yon tan kote se pa milye ke y?ap ramase moun e ke y?ap kenbe-yo pou gouvènman ka kesyone-yo.?

Simon te ajoute: ? Alòske enfòmasyon kinan livrè-yo pa ranplase consèy legal, nou ankouraje moun kenbe ti livrè-yo sou la men, pou yo ka refere a yo si yo ta santi ke y?ap sibi envestigasyon gouvènman alòske ke yo se viktim inosan.?  Simon te patisipe nan yon pakèt pwogram ke plizyè òganizasyon tankou ?Council on American-Islamic Relations? ak ?Broward center for Islamic Studies? te parene.  Pwogram-sa-yo te gen pou objektif pou yo enfòme moun de dwa ?yo ak responsabilite-yo si yo ta vin gen pwoblèm ak lalwa sou bagay kesyone ak entewoje-a.

Nan ti livrè-sa-a yo gen repons anpil kesyon konsènan bagay tankou: kesyonnman/entewogasyon, fouye, ak dwa moun ki pa sitwayen.  Si ou ta vle liv-la ak enfòmasyon sou bagay-sa-yo, ekri: Alessandra Soler Meetze, Public Education Director, ACLU of Florida, 4500 Biscayne Blvd., Suite 340, Miami, Florida 33137.

Oswa ou gen dwa download lòt livrè ak Adobe Acrobat/PDF nan adrès si-la-a:

Angle:  http://www.aclu.org/library/know_your_rights.pdf
Panyòl: http://www.aclu.org/library/know_your_rights_sp.pdf
Arab:  http://www.aclu.org/library/know_your-rights_ar.pdf