REYINI AK-NOU PASE A LAKSYON DÈNYE NOUVÈL DOKIMAN POU MIZA-JOU Spanish Kreyol Contact Us Search Privacy Policy
ACLU of Florida logo
Paj Prensipal Kominike Lapres konnenDwaw jwennEd dokimanPou Derechos Civiles sosyetarya

ACLU LANSE YON WEB SITE KREOL SOU ENTÈNET

Nòt Pou La Près
22-10-99 

Kontakte:
Jessica Connor, responsab pou edikate piblik la, Howard Simon, Egzekitiv Direktè, (305) 576-2337;
Nimewo telefón Egzekitiv Direktè-a nan aprè-midi (305) 275-9334

MIAMI - American Civil Liberties Union (ACLU) nan Florida kree yon paj kreol nan web site yo sou entènèt ki gentan resevwa meday.

Sou Web Site sa-a w-ap jwenn an kreol tradiksyon Deklarasyon Dwa (Bill of Rights) peyi Etazini an, yon rezime de libète sivil la, e kèk ka sou Dwa Konstitisyon an ki trè zinpótan e  travay ke ACLU ap fè.  Li enfóme moun kap itilize Entènèt kóman ACLU ka ede yo nan defann dwa ke konstitisyon an ba yo.

Ou kapab jwenn sou entènèt web site kreol la nan paj prensipal ACLU: www.aclufl.org.  Paj kreol la se: http://www.aclufl.org/kreyol/

ACLU nan Florida genyen youn site an espayòl tou: http://www.aclufl.org/spanish/

Jessica Connor, ki kódinatè pwogram edikasyon piblik la panse konsa: "Sa fè nou plezi anpil paske nou gen opótinite pou fè tout kominote ki pale kreol la jwenn enfómasyon enpótan sou dwa konstitisyon ba yo." Li kontinye pou di "Sid Florid la se kote nan peyi Etazini ki gen plis moun avèk diferan kilti, ak diferan langaj e nou kwè ke tout moun sa-a yo ta dwe konnen pwoteksyon avèk libète ke Konstitisyon an, Deklarasyon Dwa garanti yo.

Genyen anpil lót papye ki bay infómasyon sou Dwa Sivil e Dwa Moun nan peyi isit ki ap vini byento sou entènèt la nan paj ACLU a e kap printe sou papye tou nan biwo-a. Aysiyen ki pa gen aksè a entènèt e ki ta renmen resevwa enfómasyon kreol,  ka fè sa-a gratis e se sèlman pou li voye yon anvlóp ki deja genyen yon tinb lapós sou li nan ACLU of Florida, 3000 Biscayne Blvd., Suite 215, Miami, FL 33137.

Paye printe avèk enfómasyon sou entènèt an kreol la ka vin posib pou kominote Aysiyen an granmèsi yon lajan ke Fondasyon John S. e James L. Knight e avèk kontribisyon, ki ka reklame nan taks, ke tout lót Fondasyon nan Florid la ki sipóte kóz  ACLU ap mennen an.  Si gen yon moun ki enterese pou sipóte efó ke ACLU ap fè-a li kapab kontakte Direktè Devlopman ACLU a, CJ Fragola nan nimewo 305-576-2337