REYINI AK-NOU PASE A LAKSYON DÈNYE NOUVÈL DOKIMAN POU MIZA-JOU Spanish Kreyol Contact Us Search Privacy Policy
ACLU of Florida logo
Paj Prensipal Kominike Lapres konnenDwaw jwennEd dokimanPou Derechos Civiles sosyetarya

ACLU ankouraje komisyonè konte-a pou yo pase yon òdinans ki anpeche lapolis lokal anfòse lwa imigrasyon.

9-5-02

Contak Près:
Courtenay Strickland, ACLU of Florida (305) 576-2337 ext: 18 oswa Lida Rodriguez-Taseff, ACLU Greater Miami Chapter President, (305) 960-2236 oswa (305) 582-1255 (mobil).

MIAMI -  Nan yon lèt ke ACLU voye jodi-a bay manb komisyon Miami-dade konte-a, ACLU ankouraje ofisyèl-yo pou yo mete yon òdinans sou plas ki t?a opoze yon inisyativ depatman jistis-la ki t?ap bay lapolis dwa pou anfòse lwa imigrasyon.

Nan lèt 9 me-a: ACLU ankouraje komisyonè-yo swiv ekzamp ofisyèl Los-Angeles-yo ak sa New-York-yo, de minisipalite ki pase yon òdinans ki asire ke lapolis se krim ya?p estope ak kominite-a y?ap pwoteje olye ke se lwa imigrasyon y?ap anfòse.

Mwa pase, depatman jistis-la ?fwite? yon nòt legal bay avoka jeneral John Ashcroft, ki ta ranvèse tradisyon y?ap swiv ki kite afè imigrasyon nan men INS.  Si bagay-sa-a ta aprouve, lapolis t?a oblije arête e menm kenbe moun ke  li sispèk an vyolasyon lwa imigrasyon.

Lèt ACLU-a bay komisyonè konte-a chaje ke sa depatman jistis-la ap pwopoze-a t?ap nwi a zefò ke genyen pou goumen kont krim, eke bagay-sa-a se yon gwo baryè li t?ap tounen ant kominite-a ak lapolis.

Linda Rodriguez ? Taseff, prezidan chapit ACLU Miami-an, di tou ke bay lapolis responsabilite de ajan imigrasyon t?ap ogmante mank de konfyans ke imigran ak kominite refijye-a deja genyen kont lapolis.  ?Kijan ou ta vle ke refijye san papye ap dakò pou rapòte krim bay lapolis, oswa temwaye de krim si yon konnen ke sa ka lakòz yo depote-yo??  Linda Rodriguez ? Tasseff, di ke antrènman lapolis t?ap oblije swiv pou bagay sa-a t?ap yon depans ki pa nesesè sou yon bidjè ki deja twò chaje.

Rodriguez-Taseff, dirèktè ekzekitif ACLU H. Simon, ak direktè Afè legal ACLU nan Florid-la R. Marshal te voye lèt ACLU-a,  Lèt-la ankouraje komisyonè-yo pou yo ?mande depatman lwa-yo pou yo ekri yon òdinans k?ap kenbe lapolis nan fonksyon goumen kont krim.?  Yo mande tou pou yo pa fè lapolis vin tounen ajan INS epi pou yo kite afè anfòsman lwa imigrasyon nan men ofisyèl imigrasyon eta zini.

Direktè leta ACLU-a, H. Simon, di konsa: ? Byen ke nou dakò pou lapolis ede otorite federal-yo kenbe moun, menm sa ki pa sitwayen, ki se sispèk nan yon aktivite kriminèl, lapolis lokal pa fèt pou nan zafè de arete moun poutèt stati legal-yo alòske yo pa komèt okenn krim.

Anpil moun opoze plan Ashcroft-la. Moun tankou FIAC, League of United Latin American Citizens, ak Koalisyon de Travayè Immikalee, ki te oganize yon konferans de près le 24 avril pou pwoteste kont plan Ashcroft-la. Ata lapolis Miami-Dade-la fè opozisyon a plan-an.