![]() ![]() |
|||||||
|
|
ACLU lanse yon Kanpay nasyonal pou fè konnen ki tretman imigran sibi depi 9-117-5-02 Kontak medya-a: MIAMI - ACLU lanse yon nouvo sèvis nasyonal piblik pou fè moun konnen ki trètman imigran ap sibi depi 9-11. Nouvo kanpay-la gen de anons piblik. Yon se vwa aktè Danny Glover, e lòt-la se vwa imigran ke yo te fenmen nan sant detansyon. Videyo sa-yo se 30 a 60 segond yo ye. Imaj yo montre, se imigran k?ap rive ozeta zini pa bato, e li raple spektatè-yo ke nou gen yon bezwen pou sekirite san nou pa deranje ?libète ke peyi-a bati sou-li-a.? H.Simon te di: ?Anons piblik-nou-a konsantre atansyon piblik-la sou jan repons gouvènman bay a trajedi 9-11 non sèlman li menase libète-nou, men li andanje kominote imigran-yo tou.? Plis ke 1500 kopi anons piblik-sa-yo deja distribye nan plizyè estasyon nan peyi-a. Anthony D. Romero te di: ?Alòske ACLU rekonèt bezwen ijan ki prezan pou nou redwi ris yon lòt atak teworis, nou mande gouvènman-an pou aji ak respè pou vale konstitisyonèl ki pwòp a nasyon demokratik-sa-a.? ACLU ap reponn a aksyon kongresyonèl e administratif ki te swiv atak teworis ane pase-a. ane-sa-a, group ?libète sivil non-patizan-an te plase premye zak pou anpeche pwosè depotasyon apre 9-11.? Òganizasyon-an te asiyen gouvènman-an ke li akize de kache enfòmasyon sou de imigran ke yo te kenbe nan prison New Jersey. Pou wè oswa resevwa yon kopi de sèvis anons piblik-yo rele (305) 576-2337 ext: 16 |