REYINI AK-NOU PASE A LAKSYON DÈNYE NOUVÈL DOKIMAN POU MIZA-JOU Spanish Kreyol Contact Us Search Privacy Policy
ACLU of Florida logo
Paj Prensipal Kominike Lapres konnenDwaw jwennEd dokimanPou Derechos Civiles sosyetarya

Avoka k?ap defann dwa imigran-yo ap ankouraje gouvènè Bush abandone règ lisans ki diskrimine kont moun ki pa sitwayen

22 fevriye, 2002

Kontak medya-a:
Alessandra Soler Meetze, ACLU-FL, Direktè kominikasyon
(305) 576- 2337 ext: 16 (biwo) oswa (305) 773-8220 (mobil)

MIAMI - Nan yon lèt adrese a gouvènè Jeb Bush jodia, FIAC, ACLU ak plizyè lòt gwoup k?ap goumen pou dwa imigran ankouraje gouvènè-a abandone yon regilasyon sou lisans ki fèk parèt e ke gwoup-yo trouve se imigran li afekte.  Gwoup-yo di ke afè de konfiskasyon dokiman ?sispèk-sispèk? epi afè de siveye stati imigrasyon-an se yon vyolasyon de etranje k?ap viv nan eta-sa-a.

Florida Department of Highway Safety and Motor Vehicles adopte yon mezi pou konbat teworis; kifè nan 143 ofis ki genyen pou lisans nan eta florid-la, se 10 sèlman moun ki pa sitwayen (menm sa ki gen alyen-kat pèmanan-yo) gen dwa vizite pou afè pran oswa renouvle lisans-yo.  Biwo-sa-yo se nan conte Miami-Dade, Broward, Pinellas, ak Conte Orange-yo yo ye.  Politik administratif-sa-a, se nan lòd ekzekitif nimewo 300 li ye.

Nan lèt-la, plizyè lidè kominote k?ap reprezante de gwoup tankou ?American Immigration Lawyers Association nan chapit South-Florida-a,? ?Church World Services Miami,? ak ?American Venezuelan Business league,? ankouraje gouvènè-a pou li ta opoze bagay lejislatif sa-a.

Si bil-sa-a pase, l?ap gen yon efè ase siyifyan sou moun k?ap travay di eki pa menm gen okenn pwoblèm ak lalwa.

Howard Simon, Direktè Ekzekitif ACLU nan Florid-la di konsa:  ? Olye ke yo enplemante de mezi ki mache, e k?ap pwoteje moun, leta ap chache non-sitwayen pou?l blame. Moun-sa-yo peye taks, leve timoun, epi kontribye nan byen-èt leta-a.?

Limitasyon yo mete sou konben biwo k?ap sèvi moun ki pa sitwayen nan afè lisans-yo ak pwodwi de restriksyon k?ap lakòz:

  • Domajman endistri agrikòl ak endistri touris-la ki depann anpil sou travayè imigran
  • Rann lavi-a pli danjre, paske sikonstans ap fòse chofè pran lari-a san treninn, san lisans, san asirans.
  • Ajoute yon pwa sou Florida Departement of Highway Safety and Motor Vehicles poutèt depans adisyonèl k?ap fèt alòske leta deja nan yon kriz finans.
  • Diskriminasyon kont moun ki pa gen kay oswa ki depann sou idantifikasyon leta bay pou gen aksè a sèvis sosyal, lopital, e pwogram gouvènman.

Lida Rodriguez-Taseff, ki se prezidan Chapit ACLU nan Greater Miami-a di konsa:  ?non sèlman regilasyon-sa-a se imigran olye de teworis li atake, li pwal fè tout Floridyen mal.?  Li te ajoute:  ? kisa enpak bagay-sa-a pwal gen sou pri asirans machinn dèske pwal gen plis moun ki pa gen asirans poutèt pwovizyon ridikil e pinitiv-sa-yo??

Pou enfòmasyon/kòmantè adisyonèl:
Kontakte:

ACLU:  Howard Simon, Direktè ekzekitif,
Alessandra Soler, Direktè kominikasyon, (305) 576-2337, ext: 16
FIAC:  Cheryl Little, Direktè ekzekitif (305) 573-1106