REYINI AK-NOU PASE A LAKSYON DÈNYE NOUVÈL DOKIMAN POU MIZA-JOU Spanish Kreyol Contact Us Search Privacy Policy
ACLU of Florida logo
Paj Prensipal Kominike Lapres konnenDwaw jwennEd dokimanPou Derechos Civiles sosyetarya

Repons gouvènè Bush a lèt Koalisyon Imigrasyon nan Florid-la te voye pou-li ankouraje?l abandone nouvo règ lisans-la

Repons-la se nan email li te rive le 25 fevriye 2002

Mesaj orijinal

De: Terri Ganson [SMTP:GansonT@ddl.hsmv.state.fl.us]
Voye le: lendi, 25 fevriye, 2002 a 1:18 PM
Bay: dskovholt@fiacfla.org

Sijè:  Re: restriksyon sou lisans pou kondwi machinn

Gouvènè Bush resevwa email-nou-a, e mande ke nou reponn-ou.

An 1999, lejislati Florid-la te amande seksyon 322.08(3), yon stati Florida ki mande ke chak aplikan pou yon lisans oswa pou yon kat idantifikasyon, dwe prezante youn nan dokiman valid-sa-yo:

  1. yon kopi sètifye de yon batiste ameriken
  2. yon paspò valid
  3. yon resi de rejistrasyon alyenn kat
  4. yon kat de otorizasyon travay (US Department of Justice)
  5. yon prèv ke aplikan-an pa nan estati imigran (US Department of Justice)

Bil y?ap pwopoze-a pa yon potansyèl pou diskriminasyon ak abi.  Pwovizyon-sa-yo aplikab pou tout aplikan kelkeswa nasyonalite-yo.  Bi ke lwa-a genyen, se pou li asire ke chak moun ki resevwa yon lisans nan Florid-la, oswa yon kat idantite, gen yon presans legal Ozetazini e ke moun-sa-a pase tès ki pou bal privilèj kondwi.

DHSMV pa mande dokiman ke INS pa mande.  Nou te konsilte INS ki te travay ak depatman-nou-a anvan nou te  pran desizyon sou regilasyon-sa-yo.  Se INS ki di ?nou ki dokiman ki nesesè eki asiste-nou nan devlopman pwosè-a.  Anpwaye-nou-yo te pase treninn nan men INS, kifè yo gen ekspètiz pou yo rekonèt dokiman valid INS.

Si yon moun te resevwa lisans-li nan yon leta ki pa?t mande menm papye ak leta Florid-la, lè li vini an Florid, si li bezwen yon lisans, fòk-li prezante dokiman idantifikasyon nesesè-yo.  Règ-sa-a pa vle di nou pa rekonèt ke lisans lòt leta-yo valid; nou aksepte-yo tankou yon idantifikasyon segondè. 

Lwa-sa-a pa redwi ?sekirite? sikilasyon.  Nenpòt kimoun ki se yon sitwayen, oswa ki gen dokiman legal nan peyi-a gen dwa aplike pou yon lisans oswa pou yon kat idantite.
Anplis, si yon moun ap swiv règ lalwa, li pa?p kondwi san lisans ni san asirans machinn.  Moun ki pa legal nan peyi-a, ki kondwi san lisans, oswa ki pa swiv lwa peyi-a oswa lwa leta-a pa?p afekte moun ki swiv lalwa.

Nou apresye dèske ou te pran tan?w pou voye fason panse de òganizasyon?w-la sou règ-sa-a, e nou espere ke repons-nou-a klarifye pozisyon-nou sou zafè-sa-a.

Sensèman,

Sandra C. Lambert,
Direktè divizyon lisans pou kondwi machinn.