![]() ![]() |
|||||||
|
|
ACLU nan Florid-la pwodui yon pwogram telvizyon ak 12 pati ladan ki rele "ACLU: Freedom's Watchdog."9 avril 2001 Kontak medya-a: MIAMI - ACLU nan Florid-la pwodui yon pwogram telvizyon ak 12 pati ladan ki rele ?ACLU. Freedom?s Watchdog.? (Kivledi, ?ACLU. Chen de gad pou libète.?). Pwogram-sa-yo gen pou pase sou WLRN twa fwa pa semen an avril ak me nan conte Miami-dade-la. Yon cho yo rele ?the Criminal Justice Paradox? ki dire trant minit ap pase a 9 è di maten, le 10 avril, a 2 zè nan apremidi le 11 avril, a 7 è di swa le 12 avril sou WLRN stasyon 36 nan conte Miami-dade. Se defandan piblik Fred Serafen k?ap prezante pwogram-nan, e li pral diskite de koze tankou ?10-20-life? ak ?3 strikes you?re out.? Ki se de lwa ki ekzije tan prizon pou sèten krim e ki wete diskresyon jidisyèl jij-yo pou deside sou tan prizon. L?ap gen kòm envite Karen Andre ki se yon avoka e yon aktivis nan kominote-a, ak Andre Pierre, ki se yon avoka defans kriminèl. 2 moun ?sa-yo pwal diskite atitid ?tough on crime? ki vin abouti a yon to elve de arestasyon nan Florid-la, espesyalman nan jenès ayisyenn-nan. Yo pwal pale tou de disparite ki gen onivo de ras nan afè konbat pwoblèm dwòg-la. Yon disparite ki lakòz depòtasyon de plis an plis moun yo voye tounen Ayiti. ?First Amendment_Matrix of Freedom?, ki eksplore koze premye amandman-an ki dènyeman te lakòz anpil kontravèsi nan sid Florid-la ap pase an Angle a 9è di maten le 17 avril, a 2 zè nan apremidi le 18 avril, e a 7 è di swa le 19 avril sou WLRN. Envite nan cho-sa-a se Bruce Rogow ak Beverly Pohl. Se de avoka ki met tèt kole ak ACLU e ki reprezante gwoup atizan local pou yo mete an kesyon òdinans kiben nan conte Miami-Dade-la ke yon pakè federal te jije enkonstitisyonèl ane pase. 4eme cho-a ap kouvri tretman ansyen kriminèl ki, menm apre yo fin fè tan prizon-yo, rete defranchize. Cho-a ap adrese le fèt ke ACLU te asiyen leta poutèt li pa?t bay ansyen kriminèl asistans pou retabli dwa-yo. Envite Brian Denis ak Earnest Thomas ki fè pati de ?Brothers of the same Mind? pwal diskite efò ki fèt pou adrese pwoblèm ke ansyen kriminèl genyen pou retabli vi-yo Randy Berg, direktè ekzekitif de enstitisyon de jistis nan florid-la, pwal diskite yon lejislasyon ki pòko pase, nan cho k?ap soti le 24 avril-la. ?ACLU: Freedom Watchdog ap pase a 9è di maten lè madi, a 2 zè nan apremidi lè mèkredi, e a 7 è di swa lè jedi pandan mwa avril ak me-a sou chenn 36. ou ka pran chenn-sa-a sou sistem conte Miami Dade-yo: 36 Adelphia, 15 ATT West, 12 Bell South, 26 ATT Miami, 31 ATT Kendall, 32 ATT North, 36 Charter Miami Beach, 36 Charter South Miami. |